Komès la dwòl (WEIRD)nan Geto Byenal la/WEIRD Commerce at the Ghetto Biennale

October 23, 2016

Below is the Kreyol translation of a text written for issue 9 of The Happy Hypocrite#ACCUMULATOR_PLUS – edited by Hannah Sawtell and published this month. The English version of the text can be found here. There will be launch for the journal on Thursday November 10th, 10 pm till late at 32 Ormside Street, London SE15 1TR at which Hannah and Jlin will be performing a sonic version of #ACCUMULATOR_PLUS that will be broadcast on NTS Radio on November 11th.

Thanks to Marie-Ange Magloire for the translation.

Komès la dwòl (WEIRD)nan Geto Byenal la (Pwovèb avèk zen ki ekri sou tablo a )

Gen yon ti moun ki di yon blan li grangou epi blan an di li tann li pral dèyè manje. Lè li tounen li tounen ak yon grenn Marinad… (lol!!!!)

A little child says to a white person ‘I’m hungry.’ The white person says ‘Wait for me, I’m going to get you some food.’ The man comes back with one little patty… (lol!!!)

An 2010 twa pwofesè sikoloji nan Inivèsite Bristish Columbia ekri yon atik pou jounal Behavioral and Brain Sciences ki rele “Moun ki pi dwòl nan monn nan? [i] WEIRD ki vle di dwòl an anglè, se yon akwonim pou Western, Educated, Industrialised, Rich and Democratic ki an kreyòl se Oksidantal, Edike, Endistriyalize, Rich epi Demokratik. Yo te ililize akwonim sa pou dekri ki tip de sosyete ke moun reprezante kòm ‘’nòmal” nan majorite etid sou konpòtman yo fè nan inivèsite (majorite Ameriken).

Mwen itilize tèm sa an jeneral pou mwen pale de milye sosyal atis vizitè nan Geto Byenal an Ayiti yo. Baz pwopozisyon an se ke atis WEIRD la genyen ide ki byen defini sou sa yon pyès la vle di, de valè li ak fonksyon sosyal li. Ide sa yo soti nan lekòl boza WEIRD, edikasyon inivèsitè epi inivè boza yo kotwaye WEIRD, men nou pa nesesèman retwouve ide sa yo nan moun ke domèn sa pa enfliyanse. Vizyon WEIRD la jeneralman li itopik, li ideyalis, pwogresif e sosyalman responsab, li konsidere ke la se yon bagay ki an opozisyon ou byen nan yon fason, ki ka konropi, pa pragmatis ou byen objektif komèsyal finansye. Menm jan Hans Abbing poze deba a nan Why are artists poor? (Poukisa atis yo pòv?) Kwayans sa yo plis baze sou yon mit epòk Romantik la ki di ke la se yon bagay ki sanse “sakre” [ii]. Mwen te kapab ajoute ke dominans teyori kritik Maksis nan lekòl avèk inivèsite WEIRD yo ranfòse sans sakre sa. Sa ki transfòme kwayans prèske teyolojik sou finalite sakre la a, an kwayans ki kritik, anti kapitalis epi ki emansipatè sosyalman.

Ti machoun’n a yon dola ou fé sòs

With one dollar we can make a sauce

Geto Byenal se yon aktivite entènasyonal ki fèt nan Pòtoprens, kapital peyi Ayiti. Se Leah Gordon, yon fotograf epi reyalizatè britanik, ansanm avèk yon kolektif atis Ayisyen, Atis Resistans, de atis ki ap viv epi travay nan zòn Lakou Cheri bò Granri ki mete li sou pye. Apre ane 80 yo, lè endistri touris la te degrengole[iii], atis avèk atizan ki te konn pwodui atik pou touris nan Lakou Cheri bò mache an fè, deside sèvi avèk talan tradisyonèl yo nan travay sou bwa epi dekoupaj metal (fè) pou kreye de gwo eskilti ki brital epi chokan e menm defwa komik tou sou fanmi lwa Vodou Gede yo, lwa ki sonm makab epi libèten e ki gen rapò avèk simityè a ki tou pre a. Eskilti sa yo ki konbine bwa, fè, zo, tèt mò, pyès machin e lòt bagay ke yo rekipere nan zòn nan; mete aklè nan ki kondisyon materyèl yo fèt. Depi lè sa, kominote atis sa te komanse travay sou non Atis Rezistans (manm pi ansyen e granmoun yo) epi Timoun Resistans ki se pitit Atis yo. Eritaj pwodiksyon tradisyonèl pou touris yo nan Granri toujou rete e li kontinye fè pati yon dinamik ke yo pa rekonèt vreman men ki se baz ki kenbe byenal la. Byenal la sot selebre katriyèm reprezantasyon li antan ke yon aktivite ki a mwatye fwa atistik e a mwatye yon eksperimantasyon sosyal.

 La jounen an vwayaj penitans make jou

A bad journey marks your day

Li ra pou moun ki vini vizite Geto Byenal la ale san ke eskperyans la pa touche yo. Lè yo rive nan ayewopò Pòtoprens la, mwen kwè ke mizè ke yo wè nan peyi a ka make yo pa rapò peyi yo sòti a. Ou gentan wè konsekans plis depandans peyi a sou ONG entènasyonal yo (espesyalman depi tranbleman de tè 2010 la epi epidemi kolera ki te komanse apre li a) e ti rantre dola ameriken ke yon ti gwoup touris pote a, li vizib lè ou wè jan chofè taksi yo ap fè konpetisyon pou yo jwenn pasajè. Reyalite tanjib povrete ekonomik e striktirèl Ayiti a vizib sou wout pou soti ayewopò a pou rive nan otèl la. Se ke kenpòt jan ou mete figi ou lè ou fè fas a povrete sa, ke ou rezistan ke kè ou sansib, li afekte ou. Granri se yonn nan atè komèsyal prensipal nan vil la kidonk li chaje sikilasyon, fatra epi lafimen moflè pandan jounen an. Lannuit, pi fò wout yo pa genyen limyè, yo chaje twou ke w pa toujou wè, genyen bouch egou ki pa kouvri ki ap koule nan lari a, yo fè ma dlo sal ki chita e ki melanje ak lwil. Machandiz avèk moun toujou kreye mouvman nan lari a, sa vle di toujou genyen travay pou fè, machandiz pou vann e lajan pou brase. Men nan kondisyon moun yo ap viv nan Lakou Cheri e nan zanviron yo, kote dlo pa vini nan tiyo tout tan, ni pa genyen kouran tout tan, kote manke asenisman avèk plonbri elemantè yo, kote sanse pa genyen sèvis piblik e kote yon twalèt ap sèvi pou 60 moun, sa vle di ke anviwònman sa genyen plis mizè materyèl pase nenpòt kote ke nou di ki pi pòv nan Wayòm Ini.

An jeneral, moun nan Granri se de Ayisyen ki pale Kreyòl ki ap viv nan yon sitiyasyon povrete ki genyen mondyal[iv]. Anpil nan yo, menm si se pa tout, Vodouyizan/Katolik, kèk nan yo Pwotestan, e pi fò nan yo di ke se Nwa yo ye, kidonk yo pa ni Blan, ni Milat Ayisyen. Atis vizitè soti nan plizyè ras, etnisite, relijyon, (ou byen yo pa genyen relijyon). Yo pale Anglè ou byen lòt lang tou (men souvan yo pa pale Kreyòl) e fason yo viv relativman rich globalman. Pi fò nan vizitè sa yo genyen diplòm inivèsite, pi fò nan moun nan zòn nan pa rive nan inivèsite. Pi fò nan vizitè yo pwogresif, yo pa kache ke yo imanitè, yo se de liberal nan milye sosyal, kiltirèl, e seksyèl, se moun ki kwè nan egalite tout moun, yo demokrat e jeneralman yo plis genyen afinite avèk ide de goch nan zafè politik. Anpil nan moun nan lokal yo kwè nan menm valè sa yo. Genyen lòt ki pa kwè nan yo. Atis vizitè yo se fi tankou gason, atis lokal yo pi fò se gason. Li evidan ke pami toulede gwoup yo genyen plizyè atitid diferan e kwayans diferan e jan mwen dekri karaktè yo a se yon deskripsyon byen sipèfisyèl. Sa pa vle di ke pa genyen de valè, enterè e de afesyon ke yo pataje ansanm, ou byen ke diferans kiltirèl ki ka prezante pandan aktivite a, yo pa depase yo byen vit. Men atis ki enplike yo ka wè ke pa genyen ankenn kolaborasyon atistik ou byen bònfwa ant atis lokal yo avèk vizitè yo, ki pral chanje disparite fondamantal ki genyen nan richès avèk opòtinite sou gran echèl.

Lè vizitè yo travay avèk manm nan kominote Lakou cheri a, jeneralman, se yon eksperyans ki touche yo pwofondeman. Eksperyans sa, kote pa vreman genyen echanj lajan, se yonn nan pi gwo rekonpans pou moun ki patisipe nan aktivite a. Pou moun lokal yo, kolaborasyon avèk atis yo ki vini vizite yo a, konn tounen yon eksperyans ki transfòme yo e relasyon ke yo kreye yo rete jis aprè byenal la. Men kote ke se eksperyans la ki benefis prensipal pou vizitè yo, pou atis lokal yo, lajan ke yo fè pou patisipasyon yo a, enpòtan anpil. Yonn nan bagay ki pi konplèks e ki lakòz fristrasyon ak difikilte nan eksperyans vizitè byenal yo se fason yo ap eseye negosye inegalite ki genyen epi echanj (lajan, atistik ou byen lòt domen)yo fè pou yo kapab depase baryè langaj, ekonomik e kiltirèl sa yo. Se sitou lè yo depase diferans sa yo ke pi bèl eksperyans aprantisay yo rive fèt, ke zèv ki pote plis enspirasyon, satisfaksyon san atann yo rive fèt e ke relasyon ki dirab rive kreye.

 Yap pale nap travay

They’re talking, we’re working

Yonn nan twa tèm ke Geto Byenal 2015 lan te prezante se “Kreyòl” lang matènèl Ayisyen, ke majorite popilasyon an pale, espesyalman sa ki pi pòv e ki pa genyen edikasyon fòmèl yo[v]. Pou mwen te rive konnen ki sa moun ki ap viv nan Lakou Cheri panse de byenal la, mwen te mete yon gwo tablo nan lakou prensipal la avèk yon po lakrè akote li e mwen te mande moun yo ekri zen pa yo sou aktivite a. Chak lè jounen an pral fini, yo te ekri zen yo epi nan demen yo efase tablo a. Premye zen ke yo te mete, se atis Mabelle Williams, yonn nan ra atis fanm ki te enplike nan aktivite a:

k ou ta la pou’w ta wè 3 blan ki al nan mache jis Petyonvil sak pi bel la ki saw panse yo al achte? Yo al acchte plim poul

You had to be there to see three white people going all the way to the market in Pétionville just to buy chicken feathers.

Zen sa se de yon gwoup blan (yo rele etranje ki soti lòt kote blan kit ou blan ou kit ou nwa) ki tèlman pa abitye avèk mache an Ayiti ke yo pito rale plizyè kilomèt pou yo achte materyèl pou zèv atistik yo an alòske yo ke yo te kapab achte yo nan bout kwen Granri a. Sa ki fè blag la pi komik pou moun nan zòn nan se ke Petyonvil se yonn nan kote ki pi rich nan Pòtoprens, kote Ayisyen ki genyen plis mwayen rete e se la ke galri da ki pi rekoni e ki pi respektab yo ye. Istwa sa revele yon bagay enpòtan sou ekonomi reyèl Geto Byenal la. Apa atansyon li atire sou travay Atis ak Timoun Rezistans yo fè e atire atansyon sou de kesyon enpòtan sou wòl la kontanporen nan yon ekonomi kiltirèl global ki dezekilibre anpil, yonn nan fonksyon ekonomik prensipal aktivite a, se fè lajan rantre nan Lakou Cheri sou fòm dola ke touris pote. Donk chak dola ke yon moun depanse yon lòt kote se yon dola ke kominote a pèdi.

Pou atis envite yo kapab kreye travay yo dwe kreye de relasyon ki ap mache byen avèk moun nan kominote lokal la. Donk apa pri otèl avèk vwayaj la, pi fò lajan ke vizitè yo depanse pandan aktivite sa a, se pou peye machandiz ke yo achte epi sèvis ke moun ki enplike dirèkteman ou byen endirèkteman nan kominote Lakou Cheri a ap ofri. Fristrasyon ke tout vizitè yo genyen se kantite lajan ke yo rive depanse nan peyi a. Sa kapab etone anpil moun paske se yon peyi ke yo abitye konsidere tankou peyi “ki pi pòv nan emisfè lwès la”, men sa rive souvan ke kote touris yo ap fonksyone nan yon klas apa de sosyete a. E se paske tou, pant pou ou monte pou ou konpran relasyon ant lajan local la avèk dola ameriken an rèd. Si ou chanje 10 dola, li ap ba ou 600 goud apèprè. Pou kapab senplifye to a ki pa stab ant de lajan sa yo, Ayisyen yo itilize yon lòt lajan vityèl ke yo rele dola Ayisyen. 1 dola Ayisyen= 5 goud e to sa pa janm chanje. Donk 10 dola Ameriken= 600= 120 dola Ayisyen. Echanj ant dola ameriken, dola ayisyen e goud la vin rann machandaj an Ayiti, ki souvan se yon bagay enfòmèl, pa fasil pou konprann e li pran tan pou w metrize li. Lè yo chanje dola ou ba yo a, yo fonn byen vit nan ekonomi global lan. Defwa li parèt pi senp, di mwens pou moun ki genyen lajan ase e ki pa twò fò nan zafè fè kalkil pou chanje lajan an, pou peye avèk yon biyè 10 dola ou byen 20 dola epi mande si li ase? Sa rive souvan ke yo remèt ou yon lyas goud pou monnen.

Diferans ekonomik ki make eksperyans vizitè avèk atis lokal yo pi plis nan Geto Byenal la, se ke lajan pase nan men vizitè yo pou ale jwenn moun lokal yo, tandiske jeneralman echanj nan domèn la se nan lòt sans la li konn fèt. Paske yo relativman genyen mwayen e kòm vizit yo kout an Ayiti sa vin mete vizitè yo nan pozisyon ke yo tounen de achtè potansyèl pou la Ayisyen, yon kategori ke laplipa atis ki nan kategori WEIRD la pa abitye ladan l. Atis ke nou konsidere tankou WEIRD yo ka pase nan estidyo yon zanmi, diskite de travay li, di l yonn nan zèv li yo patikilyèman bon. Zanmi a ap remèsye yo men mwen pa kwè ke yo pa t ap mande yo ki pri li, ou byen pou yo ta desi si yo pa ta vle achte li. Poutan nan Geto Byenal la, depi ou rantre nan estidyo yon atis lokal, yo deja pran sa tankou yon opòtinite pou yo vann. Se yon eksperyans ki twouble atis WEIRD yo paske jeneralman, yo pa gade la tankou yon bagay ke yo ta renmen posede oubyen ke yo gen mwayen pou achte, yo pa konsidere tèt yo tankou de mesèn ou byen de koleksyonè. Pandan ke atis vizitè yo ap kreye de zèv atistik patisipatif, ki angaje sosyalman, ki pa dire epi ki pa komèsyal, kolèg ayisyen yo ap fè eskilti, penti epi atizana pou vizitè yo ka achte a bon pri.

Se annepye ki pou ba wou enpotans twal kay

A centipede can teach you the importance of an old rag.

Yon lòt rezon ki fè vizitè yo pa prevwa depans nan byenal la, se ke nan peyi yo, pi fò nan atis sa yo sanse pòv. Anpil nan yo se jèn moun ki fenk gradye, se yo menm ki mete lajan pou fè pwojè pa yo e pa genyen enstitisyon ki ap ba yo sipò. Sa rive souvan ke ou tande yo ap eksplike kolèg ayisyen yo ke nan peyi yo, yo menm tou yo pòv. Nou ka di ke atis nan peyi devlope tankou Wayom Ini pi pòv parapò a moun nan lòt pwofesyon. Statistik resan montre ke an mwayèn atis nan Wayom Ini, avèk travay atistik yo sèlman, fè mwatye nan salè medyan an ki se £20,000. Sa ki mete yo tou pre salè minimum nan, e chif sa yo desann anpil lè yo depase laj 45-50 an.[vi]Sa ki pi mal la — e nan ka sa li fè atis WEIRD yo ta kapab idantifye tèt yo a sa atis ayisyen ki pòv ap pase — se ke nan monn atistik Wayom Ini a gen yo kowefisyan Gini, ki se mezi statistik inegalite ekonomik la, ki wo tankou pa Ayiti a. Menm inegalite ki ekziste ant atis ki pi rich nan Wayom Ini a, epi majorite kolèg yo ki pa fè anpil lajan an, se li menm ki ekziste ant elit ki genyen lajan nan Petyonvil avèk konpatriyòt yo ki an Granri a. Men byen si lè ou konpare atis Lakou cheri ki, antan ke Ayisyen ki ap viv lavil, kapab fè 400$ pa ane, ou ka konsidere vizitè yo vreman antan ke rich, malgre ke yo sanse pòv parapò lòt atis WEIRD “blue chip” yo, “blue chip’ ki vle di ki fè anpil lajan.

Sa ki koze yon chòk kiltirèl pou atis WEIRD sa yo ki pòv epi ki ideyalis, se ke yo vinn wè ke finalman yo rich, se pa sèlman sou pwen finansye, men tou nan zafè sosyal, ekonomik e opòtinite pwofesyonèl ke yo jwenn atan atis nan monn WEIRD la, kote edikasyon primè avèk segondè yo inivèsèl, swen sante inivèsèl, aparèy leta yo ap fonksyone byen, sèvis piblik yo epi fon pou la ke leta sibvansyone, tout sa yo konsidere tankou yon bagay ki nòmal. Inegalite sa ke yo pa kapab evite a vin fè ke atis vizitè yo oblije konfwonte reyalite sekirite fiskal, sosyal epi materyèl yo parapò a moun yo k ap resevwa yo a plizyè fwa. Se yon bagay ki kapab jenere yon gwo degre disonans koyitif pou atis WEIRD yo, ki pa abitye wè tèt yo tankou moun ki fè pati klas privilejye mondyal la. Lè yon eksperyans fè ou dekouvri ke ou pi rich pase moun ki envite w lan tandiske nan lespri ou, w ap eseye kenbe kwayans ou ke la se yon bagay ki sakre, emansipatwa, ki pa komèsyal e ki genyen yon fonksyon pou transfòme sosyete a, se yon bagay ki ka konfonn ou e potansyèlman tranfòme lavi w.

Lè nou gade, pou vizitè yo, satisfaksyon yo jwenn pou patisipasyon yo nan Geto Byenal la imateryèl pou pi fò: se plis konesans, aprantisay avèk eksperyans; yon ajou enpòtan nan CV atistik yo e yon kapital kiltirèl ki kapab ogmante chans yo pou yo kapab jwenn fon avèk posibilite pou fè ekspozisyon (toutotan ke Geto Byenal la kenbe kredibilite li genyen nan monn WEIRD la). Ki sa atis lokal yo jwenn, se lajan ke yo fè nan vant zèv yo fè, yon gwo rantre dola ameriken nan ekonomi lokal la pandan kèk semenn kote aktivite yo a ap fèt la, opòtinite pou yo rankontre, travay avèk atis entènasyonal epi aprann de yo; fè zanmi epi kreye lyen nan rezo sosyal avèk atis lòt peyi ke Ayiti; rive jwenn plis vizibilite pou travay yo.

Yon bagay ke atis vizitè yo ak atis lokal yo jwenn nan Geto Byenal la, se yon eksperyans kote yo aprann de rankont epi travay avèk moun ki genyen vizyon atistik diferan; lòt tradisyon avèk atant diferan; kredibilite atistik nan konteks mondyal la; kreyasyon nouvo travay pou ekzibisyon; opòtinite pou fè lòt kolaborasyon avèk patenarya atistik; epi kreyasyon nouvo rezo sosyal. Diferans ki genyen se benefis ekonomik ki dire lontan ke patisipasyon an pote, pou vizitè yo sa pral ogmante plis tan ap pase e pou atis lokal yo se de avantaj ekonomik konkrè pandan semèn yo ke GB ap fèt la (apre sa pi fò pral sispann). Kapital kiltirèl ke atis lokal yo jwenn nan vin grandi lè yo patisipe nan GB e sa kapab transfòme a aksè a lajan pou pwojè yo, ekspozisyon an gwoup, nouvo inisyativ atistik, yon pi gwo nivo edikasyon nan la swa an Ayiti ou byen vwayaj a letranje. Men sa pa rive fasil etandone ke pa genyen anpil òganizasyon pou la an Ayiti, e genyen plis obstak pou ayisyen ki pi pòv yo e ki pa pale Franse oubyen Anglè tou yo.

Sa atis lokal yo avèk kominote a bezwen, se de rantre lajan stab epi lòt opòtinite tankou Geto Byenal la, gras a tout pwojè kreyatif e tout patenarya li kapab ofri. Defi a pou vizitè yo ki vle kenbe ideyal WEIRD yo nan zafè pouvwa transfòmasyonèl, sosyal ou byen pou emansipasyon ke la kontanporen genyen, se pou yo kapab kreye de travay ki kapab fè fas a konfwontasyon avèk sa ki pa inivèsèl. Si sa pa fèt, pou atis WEIRD yo, patisipasyon yo nan Geto Byenal la ap sanble touris atistik sou do pòv, yon eskperyans ki ka pèmèt yo kapitalize nan monn WEIRD la pou fè konpetisyon pou rekonesans, vizibilite avèk estati.

 Tripotay pa dyòb

Gossip is not a job.

[i] Joseph Henrich, Steven J. Heine avèk Ara Norenzayan, ‘The weirdest people in the world?’ Behavioral and Brain Sciences “Moun ki pi dwòl nan lemon? “Syans sou Sèvo avèk Konpòtman”. Liv 33, Piblikasyon 2-3, pp 61- 83, Jwen 2010, Cambridge University Press, 2010 (http://www2.ps[i]ych.ubc.ca/~henrich/pdfs/WeirdPeople.pdf)

[ii] Hans Abbing Why are Artists Poor? The Exceptional Economy of the Arts, (Pouki sa atis pòv? Ka patikilye sou Ekonomi pou la) University of Amsterdam Press, 2002

[iii] Genyen plizyè faktè ki fè ke touris la degrengole an Ayiti konneya, sitou lè kominote entènasyonal la vin okouran de vre kondisyon povrete ki genyen an Ayiti, pandan ke moun yo rele Boat people yo te komanse pran lanmè pou sove anba rejim Duvalier a; lè yo te vin dekouvri VIH/Sida pami plizyè refijye nan Florid la, epi lè yo fè asosiyasyon avèk Ayisyen tankou yonn nan vektè epidemi a (ansanm avèk Emofil avèk Omosesyèl an anglè yo te rele yo 3 H) An plis, avèk gouvènman militè yo ke yo te enpoze aprè Jean-Claude “Baby Doc” Duvalier ale an ekzil, te genyen 20 an boulvès politik avèk vyolans- te genyen de koudeta kont prezidan popilè Jean-Bertrand Aristide – te vin genyen chimè, de gang kite ba li sipò e ki ke fim Asger Leth e Milos Loncarevic te fè an 2006 la Ghosts of Cité Soleil (Fantom Site Solèy) te vin rann yo selèb. Pa te genyen anpil opòtinite pou touris la ta reprann vreman apre sa, sitou apre devastasyon kat siklòn te pote an 2008 epi tranbleman de tè an 2010la ki fè ke apeprè 200.000 moun pedi lavi yo.

[iv] Dapre Endeks Devlòpman Imen nan NU (HDI an anglè), ki rasanble yo mezi statistik nasyonal sou to esperans lavi, edikasyon epi standa lavi, Ayiti plase 163èm sou 188 nasyon. Daprè endeks sa, se yon peyi ki genyen yon devlòpman imen ki ba. (http://hdr.undp.org/en/composite/HDI)

[v] Lang ke klas ki fè etid yo pale se Franse, e anpil fwa yo pale Anglè tou.

[vi] Martin Kretschmer, Lionel A. F. Bently, Sukhpreet Singh, Elena Copper, ‘Copyright Contracts and Earnings of Visual Creators: A Survey of 5,800 British Designers, Fine Artists, Illustrators and Photographers, Social Science Research Network’, March 2011 (http://papers.ssrn.com/sol3/papers.cfm?abstract_id=1780206)

It is worth noting that Fine Artists, who, unlike commercial artists, do not expect to get paid directly for making art, are defined by the survey as those who give 50% of their total working time to it.

 

Advertisements

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s